Li enpòtan pou rekonèt tout pasyan ki fè operasyon pou bese pwa kò yo dwe pran angajman pou swiv yon pwogram doktè preskri yo pou nitrisyon ak egzèsis fizik avèk anpil prekosyon.Sa se yon angajman avi ki la pou ede ou bese epi kenbe pwa kò ou an sekirite otank posib. Paske operasyon an ap chanje sistèm dijestif ou, li enpòtan pou asire ou chwazi manje ak likid ki bon pou ou nan kantite apwopriye pou asire bon jan nitrisyon apre operasyon an. Ka gen anpil teknik pou manje yon moun dwe aprann tou pou ede li nan dijesyon an (sètadi manje dousman epi kraze manje a nèt).
Gen senk (5) faz rejim alimantè apre operasyon an. Kòm yon règ jeneral, w ap fè tout sa ou kapab si ou evite manje ki gen anpil sik ak grès epi pou manje sa ki gen anpil bon kalite pwoteyin. Yon ti deskripsyon sou senk (5) faz yo endike anba la a.
· Faz 1 se ti gòje dlo sèlman. (kantite tan - 1 jou oswa mwens)
· Faz 2 se likid klèrèt ki gen yon ti kantite sik, ki pa gen idrat kabòn, epi ki san kafeyin. (kantite tan - 1 jou oswa mwens)
· Faz 3 gen ladan likid modifye ki gen anpil pwoteyin, yon ti kantite grès, ak yon ti kantite sik. (kantite tan - apeprè 3-4 semèn)
· Faz 4 gen ladan pire, manje mou ki gen anpil pwoteyin. Kontwòl pòsyon ak lè ou byen kraze manje a se pati enpòtan etap sa a. (kantite tan - apeprè 3-4 semèn)
· Faz 5 – Nan apeprè 2 mwa apre operasyon an, w ap kòmanse Faz 5. Se faz w ap rete ladan pou rès lavi ou. Li gen ladan manje ki gen yon ti kantite sik, grès satire ak grès asid gra trans, epi ki gen anpil bon kalite pwoteyin. N ap montre ou kijan pou mezire ak estime pòsyon manje yo pou asire gwosè pòsyon yo apwopriye.
Si pral fè operasyon pou bese pwa kò ou, w ap rankontre avèk yon dyetetisyen anvan operasyon ou epi jan sa pwograme pandan tout peryòd gerizon an. Lòt randevou enpòtan pou gen siksè. Dyetetisyen an ap ba ou enfòmasyon detaye sou nitrisyon an epitou l ap adapte plan nitrisyon ou pou ou. Men kèk nan enfòmasyon w ap aprann an detay:
» Likid – Plis pase mwatye yon kò ki an sante fòme avèk likid. Akòz nouvo ti lestomak ou vin genyen apre operasyon an, l ap nesesè pou ou pran ti gòje ak epi pou bwè chak inèdtan pandan ou reveye. Dyetetisyen ou ap pale avèk ou sou fason pou siveye siy dezidratasyon, tankou: maltèt, bouch sèk, fèb kantite pipi ki sòti, ak konstipasyon. Li enpòtan tou pou pa bwè likid pandan w ap manje paske sa ka lave manje a nan pòch lestomak ou, ki ka lakòz ou vin grangou yon ti moman apre ou manje yon repa.
» Pwoteyin – Kò ou bezwen pwoteyin pou devlope ak repare tisi yo, pou kenbe cheve ak po ou an sante, pou ede nan dijesyon an, epitou pou fè fonksyon kò ou pou pwodui enèji. Dyetetisyen ou ap revize ki kantite ak ki kalite pwoteyin (sètadi, pwodui abaz lèt, vyann, pwason, ak soja) ki pi bon chwa pou ou apre operasyon an.
» Idrat Kabòn – Idrat kabòn yo se yon bon sous enèji, fib, vitamin ak mineral. Pandan w ap fè pwogrè nan plan rejim alimantè ou, dyetetisyen ou ap diskite sou pi bon sous idrat kabòn yo avèk ou (sètadi, idrat kabòn konplèks: legim, pwa, grenn konplè) pou mete nan rejim alimantè ou.
» Grès – Grès bay enèji; li ede absòbe epi pote vitamin A, D, ak E; li jwe yon wòl nan kenbe sistèm nève ak sistèm defans kò ou an sante; epitou li ede ou gen po, cheve ak zong ou an sante. Se pa tout grès ki sanble epi dyetetisyen ou ap revize ki kalite grès ki bon pou sante ak ki kalite grès ki enpòtan pou mete nan rejim alimantè ou.
» Vitamin ak mineral – Selon kalite operasyon ou fè a ak sitiyasyon nitrisyonèl ou, n ap fè ou konnen ki sipleman vitamin ak mineral ou bezwen pou kapab kenbe bon nitrisyon ak sante.
Dyetetisyen ou ap gide ou pandan tout pwosesis la. Lè ou aprann sa pou manje ak bwè, epi nan ki kantite, w ap kapab chwazi bon manje yo pou ede ou kenbe yon gwosè ki bon pou sante ou. Ti pòch lestomak ou afekte kantite ou kapab pran yon sèl fwa ak kalite manje ou kapab manje alèz. Pou anpil moun, sa vle di yo pèdi mwayen pou manje gwo kantite manje pou toutan. Anpil moun p ap kapab tolere legim kri, pen, pat alimantè, diri, oswa vyann wouj apre operasyon an.
Li enpòtan pou konprann nan mwa ak ane apre operasyon an, li toujou posib pou manje twòp epitou sa kapab lakòz ti pòch lestomak ou detire. Operasyon an pa pwoteje ou pou pa vin gwo si ou pran yon gwo kantite kalori nan chwa manje ki pa bon pou sante ou, kolasyon/amiz-bouch souvan, gwo repa, oswa si ou pa fè egzèsis fizik sou yon baz regilye. Men, operasyon an ede pifò pasyan yo kenbe konsomasyon jeneral kalori yo sou kontwòl, sa ki lakòz pwa kò yo bese ak antretyen yon pwa kò yo ki pi bon pou sante yo.