Pou nou konsidere ou pou operasyon an ou dwe satisfè kritè pou kalifye yo. Metòd sa a se yon seri randevou kote ou rankontre ekip nou an, tankou yon enfimyè, yon doktè, yon dyetetisyen, yon travayè sosyal ak youn nan chirijyen yo. Metòd evalyasyon an se pou asire Operasyon pou Bese Pwa Kò ou se pi bon solisyon pou sante ou. Pou kòmanse metòd evalyasyon an, kòmanse:
- Patisipe nan yon sesyon enfòmasyongratis epi/oswa gade Webinè a sou entènèt.
- Tcheke kontra asirans ou pou wè kondisyon ak pwoteksyon operasyon baryatrik la.
- Depi ou fè etap sa yo, oswa si ou gen nenpòt kesyon, tanpri rele nou nan nimewo 617-313-1440.
Nan Preparasyon pou Premye Vizit Ou
Nou ankouraje ou pou envite yon manm fanmi ou oswa yon zanmi ou fè konfyans nan premye randevou ou. Reyèlman, n ap akeyi yon moun pa ou nan pifò randevou ou yo pou ede ou pandan w ap rasanble enfòmasyon yo sou sante ou ak tretman ou. Sonje pou vini avèk yon lis nenpòt kesyon ou genyen pou ekip Operasyon pou Bese Pwa Kò ou, ak yon kaye pou ou kapab note kèk enfòmasyon.
Pasyan yo apre operasyon an
Tanpri rele liy prensipal nou 617-313-1440 epi youn nan asistan administratif pwogram nan ap ede ou.