Operasyon pou bese pwa kò ou

Kritè Kalifikasyon, Asirans ak Faktirasyon

Èske mwen kalifye pou WLS?

Pasyan yo dwe satisfè kèk kritè espesyal, dapre gid National Institutes of Health mete anplas, anvan n ap konsidere yo pou yon evalyasyon avèk ekip nou a. Pifò pasyan ki antre nan pwogram nou an gen yon BMI 40 oswa pi gwo. Men kèk lòt faktè ki sijere operasyon an ka yon bon chwa:

  • Pasyan an gen omwen 100 liv anplis nan pwa kò li.
  • Pwoblèm medikal grav ki gen pou wè ak pwa kò a, tankou dyabèt, twoub somèy obstriktif oswa maladi kè. (Si bagay sa yo prezan, nou ka konsidere operasyon an si BMI a ant 35 ak 40.)
  • Pasyan an gen laj ant 18 tan ak 65 ane (avèk kèk eksepsyon)
  • Yon long istwa obezite, avèk anpil efò ki pa efikas yon fason fòmèl, ki estriktire epi/oswa ki note nan dokiman nan bès pwa kò a.
  • Pa gen pwoblèm nan moman an avèk abi dwòg oswa alkòl
  • Pa gen maladi sikyatrik, tankou pwoblèm ki ta domaje konpetans yon moun pou swiv yon pwogram kontwòl sante ak swivi pandan moun nan ap viv.

Nan anpil ka, plan sante yo bay pwoteksyon pou Operasyon Baryatrik. Tanpri kontakte konpayi asirans ou pou asire Operasyon Baryatrik (Lap-Band) pwoteje anba plan ou epitou pou asire si ou kapab fè operasyon ou nan Beth Israel Deaconess Hospital-Milton.

Selon konpayi asirans sante ou oswa plan swen sante kontwole ou, ou ta ka bezwen yon otorizasyon davans oswa yon referans anvan ou wè yon doktè oswa yon espesyalis. Kontakte konpayi asirans sante ou si ou gen kesyon sou eleman espesyal pwoteksyon swen sante ou.

Si konpayi asirans sante ou egzije yon referans pou swen kontwole, tanpri kontakte Doktè Premye Swen ou anvan randevou ou epi fè li fakse referans ki nesesè a ban nou nan nimewo (617) 298-0315.