Yo estime 50 a 70 milyon Ameriken soufri nan yon twoub somèy kwonik ki ka gen konsekans negatif non sèlman sou mòdvi yo, men tou sou sante yo ak lonjevite yo. Si twoub somèy yo rete san trete yo kapab mete moun yo nan pi gwo risk pou sèten twoub ki menase lavi yo tankou maladi kè, estwòk ak ipètansyon.
Sant somèy nou ofri anpil kalite tès dyagnostik pou yon varyete twoub somèy, tankou twoub somèy obstriktif, nakolepsi, sendwòm janm ki pa repoze ak somnanbilis (mache pandan w ap dòmi).
Nou bay pasyan yo referans pou yo ale nan etid sou somèy pou anpil kalite rezon avèk kòz ki pi komen ki fè yo gen twoub somèy obstriktif. Pasyan yo souvan wonfle anpil, nou remake yo gen sispansyon nan respirasyon yo epi/oswa yo gen gwo-gwo fatig pandan jounen an. Etid yon teknisyen somèy fè, ki kontwole aktivite EEG ak EKG anpil pandan l ap kontwole siyal videyo ak odyo nan sal somèy yo. Answit Doktè ki Resevwa Sètifika Konsèy la bay eskò pou etid yo epi answit li entèprete etid yo. Selon rezilta yo, yo ka itilize ekipman tankou yon CPAP oswa yon BiPAP pou ede amelyore somèy pasyan yo.
Doktè nou yo:
- Hesameddin Karimeddiny, MD, Direktè Medikal Sant Somèy
- Amit Anand, MD
- Saras Muppana, MD
Pou pran yon randevou avèk Dr. Karimeddiny oswa Dr. Anand, tanpri rele nimewo 617-313-1647. Pou pran yon randevou avèk Dr. Muppana, tanpri rele nimewo 617-696-9600.
Pou jwenn enfòmasyon sou Etid ki Fèt sou Somèy, rele nimewo 617-313-1647.