Radyoloji

Iltrason

Orè: Lendi-vandredi, 7:00a.m.-6:30p.m.

Yon egzamen iltrason se yon pwosedi dyagnostik pwoteje ki itilize onn son frekans ki wo anpil pou pwodui yon imaj anpil estrikti ki andedan kò a. Pwosedi iltrason yo pa gen efè sou kò pasyan yo epitou yo pa itilize radyasyon.

Nou ka itilize iltrason pou egzamine ògàn andedan kò pasyan yo tankou fwa, ògàn repwodiksyon yo, oswa veso sangen yo.

Kèk egzamen iltrason ka egzije preparasyon espesyal anvan egzamen an, tankou pou pasyan an fè jèn oswa pou li gen blad-pipi li ranpli. N ap bay enstriksyon yo, si li nesesè, pandan w ap pran randevou pou pwosedi ou.

Preparasyon pou Egzamen ou-Anvan, Pandan, Apre

Anvan Eskanografi Iltrason Ou

  • Tanpri rive 15 minit anvan randevou ou genyen an.
  • Tanpri mete rad lad ki fè ou alèz. Nou ka ba ou yon rad lopital la tou.

Pandan Eskanografi Iltrason Ou

  • Yon ekografis, yon pwofesyonèl swen sante ki resevwa fòmasyon espesyal nan itilizasyon iltrason, ap pase yon jèl nan po ou ki nan zòn n ap egzamine a.  Jèl la ap ogmante kontak ant transdiktè a (yon aparèy ki tankou yon mikwofòn) ak po a nèt, pou pwodui imaj kalite siperyè.
  • Answit, ekografis la ap pase transdiktè a sou zòn ki sible a epi l ap jwenn done dyagnostik li bezwen yo. Selon kalite egzamen an, ou ka gen pou kouche toujou, pou chanje pozisyon, oswa pou kenbe souf ou.

Apre Eskanografi Iltrason Ou

  • Yon radyològ ki espesyalize nan imajri iltrason ap revize rezilta yo epitou l ap diskite sou yo avèk doktè ou. Doktè ou ap ba ou eksplikasyon sou rezilta yo.

Enfòmasyon sou Sekirite

Iltrason itilize onn son, pa reyon iks. Anpil etid yo fè montre onn son sa yo pa danjere epi nou ka itilize yo avèk sekirite konplè, menm sou fanm ansent yo.