Radyoloji

Eskanografi PET

Orè: Jou jedi, 6:30 a.m. - 5:30 p.m.

Yon eskanografi PET (tomografi avèk emisyon pozitwon) se yon kalite lamedsin nikleyè ki kreye yon imaj aktivite metabolik kò ou epi ki montre ritm selil kò ou dekonpoze ak itilize sik (glikoz). Nou fè sa lè nou enjekte yon ti kantite materyèl radyo-aktif (radyo-trasè) nan kouran sangen ou epi nou rete tann li pou epapiye nan zòn sib la. Emisyon radyo-aktif ki sòti nan radyo-trasè a detekte avèk yon kamera espesyal oswa yon aparèy imajri ki pwodui imaj ak enfòmasyon molekilè detaye.

Preparasyon pou Egzamen ou-Anvan, Pandan, Apre

Anvan Eskanografi PET Ou

  • W ap resevwa enstriksyon espesyal ki baze sou kalite eskanografi PET w ap fè a. Pasyan ki dyabetik yo ap resevwa enstriksyon espesyal pou yo prepare pou egzamen sa a.
  • Objè metalik tankou bijou, linèt, fo-dan ak zepeng cheve ka afekte imaj CT yo, epitou ou ta dwe kite yo lakay ou oswa ou ta dwe retire yo anvan egzamen ou. Nou ka mande ou tou pou retire aparèy pou tande ak fo-dan ou genyen ki ka sòti.

Pandan Eskanografi PET Ou

  • N ap mande ou pou kouche sou tab egzamen an.  Yon teknisyen ap antre yon zegwi (IV) nan yon venn nan men ou oswa bra ou.  Answit, l ap enjekte radyo-trasè a nan IV a.  Radyo-trasè a ap deplase nan kò ou pou ale nan zòn apwopriye k ap fè egzamen an.
  • Li enpòtan pou ou toujou rete pandan n ap anrejistre imaj yo. Menmsi imajri nikleyè a poukont li pa lakòz doulè, ka gen yon malèz lè ou gen pou toujou rete oswa pou rete nan yon pozisyon espesyal pandan imajri a.
  • Egzamen yo pa menm selon kantite tan an. Selon pwosedi espesyal ou, egzamen yo ka pran 30 minit a anpil èdtan epitou nou ka fè egzamen an nan kèk jou. N ap ba ou kèk enfòmasyon espesyal selon kalite egzamen ou.

Apre Eskanografi PET Ou

  • Yon doktè ki nan domèn lamedsin nikleyè oswa yon radyològ ap revize rezilta yo epitou l ap diskite sou yo avèk doktè ou. Doktè ou ap ba ou eksplikasyon sou rezilta yo.

Enfòmasyon sou Sekirite

Pwosedi lamedsin nikleyè se pwosedi ki pami egzamen imajri ki gen plis pwoteksyon.  Paske kantite radyo-trasè a nou bay yon pasyan piti, twòp ekspozisyon nan radyasyon piti anpil.  Kantite radyasyon yon pasyan resevwa nan yon pwosedi lamedsin nikleyè kapab konpare avèk yon radyografi woutin epi li souvan pi piti pase yon radyografi woutin.  Teknisyen nou yo ap pran anpil prekosyon pou deziyen chak dòz pou chak pasyan avèk yon radyasyon ki piti otank posib, san yo pa riske rezilta imaj yo.  Anjeneral, radyo-trasè a ap pèdi radyo-aktivite li nan 24 èdtan, epi l ap transmèt li nan kò a nòmalman.