Lamedsin nikleyè se yon domèn radyoloji espesyalize ki itilize kantite materyèl radyo-aktif ki piti anpil ki rele yon radyo-famasetik oswa radyo-trasè pou egzamine fonksyon ògàn, dekouvri maladi oswa jwenn enfeksyon.
Selon kalite egzamen nikleyè a k ap fèt la, nou ka mete radyo-trasè nan kò a sou fòm enjeksyon oswa nan bouch. Yon kamera espesyalize (kamera gama) ap detekte radyo-trasè a epi l ap pran imaj zo, ògàn oswa tisi k ap teste a. Lamedsin nikleyè diferan avèk egzamen radyografi oswa egzamen iltrason paske li detèmine prezans maladi ki baze sou chanjman sikolojik oswa chanjman byolojik alaplas chanjman nan anatomi.
Preparasyon pou Egzamen ou-Anvan, Pandan, Apre
Anvan Egzamen Lamedsin Nikleyè Ou
- Selon kalite egzamen an, ka gen enstriksyon espesyal ou bezwen swiv, n ap ba ou pandan w ap pran randevou pou pwosedi ou. Anjeneral, pasyan yo ta dwe fè doktè a konnen nenpòt medikaman y ap pran nan moman an epitou yo ta dwe fè doktè a konnen nenpòt alèji yo genyen.
- Anpil egzamen pa lakòz ou oblije fè jèn. Si yon egzamen lakòz ou oblije fè jèn, n ap ba ou enfòmasyon sou sa pandan w ap pran randevou ou.
Pandan Egzamen Lamedsin Nikleyè Ou
- N ap mande ou pou kouche sou tab egzamen an. Yon teknisyen ap antre yon zegwi (IV) nan yon venn nan men ou oswa bra ou. Answit, l ap enjekte radyo-trasè a nan IV a. Radyo-trasè a ap deplase nan kò ou pou ale nan zòn apwopriye k ap fè egzamen an. Selon pwosedi a, egzamen an kapab fèt imedyatman, kèk èdtan apre, oswa anpil jou apre ou resevwa radyo-trasè a.
- Lè egzamen an kòmanse, kamera espesyalize a ap pran yon seri imaj. Kamera a ap vire toutotou anwo ak anba ou oswa l ap eskane longè kò ou, oswa nou ka mande ou pou chanje pozisyon nan mitan imaj yo.
- Egzamen yo pa menm selon kantite tan an. Selon pwosedi espesyal ou, egzamen yo ka pran 30 minit a anpil èdtan epitou nou ka fè egzamen an nan kèk jou. N ap ba ou kèk enfòmasyon espesyal selon kalite egzamen ou.
Apre Egzamen Lamedsin Nikleyè Ou
- Yon doktè ki nan domèn lamedsin nikleyè ap revize rezilta yo epitou l ap diskite sou yo avèk doktè ou. Doktè ou ap ba ou eksplikasyon sou rezilta yo.
Enfòmasyon sou Sekirite
Pwosedi lamedsin nikleyè se pwosedi ki pami egzamen imajri ki gen plis pwoteksyon. Paske kantite radyo-trasè a nou bay yon pasyan piti, twòp ekspozisyon nan radyasyon piti anpil. Kantite radyasyon yon pasyan resevwa nan yon pwosedi lamedsin nikleyè kapab konpare avèk yon radyografi woutin epi li souvan pi piti pase yon radyografi woutin. Teknisyen nou yo ap pran anpil prekosyon pou deziyen chak dòz pou chak pasyan avèk yon radyasyon ki piti otank posib, san yo pa riske rezilta imaj yo. Anjeneral, radyo-trasè a ap pèdi radyo-aktivite li nan 24 èdtan, epi l ap transmèt li nan kò a nòmalman.