Radyoloji

MRI | Imajri avèk Rezonans Mayetik

Orè: Lendi-Vandredi 7:00 a.m. -7:00 p.m. Jou samdi 8:00 a.m.-4:00 p.m.

Imajri avèk Rezonans Mayetik, oswa MRI, se yon tès imajri dyagnostik ki pa bay doulè epi ki pwodui imaj kò detaye ki gen rezolisyon siperyè san itilizasyon reyon iks yo. Imaj ki pwodui yo kreye avèk yon gwo leman, onn radyo, ak yon sistèm enfòmatik pou trete done yo. Pwosedi ki itilize MRI pa gen radyasyon iyonik.

Pifò egzamen MRI pwograme nan swa yon randevou 40 minit oswa nan de (2) randevou 40 minit. Si ou gen plis pase yon egzamen MRI nan menm jou a, chak egzamen ap pwograme nan yon entèval tan randevou apa.

Nan MRI yo nou itilize yon leman ki puisan anpil. Pou sekirite ou, nou mande ou pou ranpli Lis Nou ki gen Tout Sa pou Fè pou Sekirite ou. Yon teknolojis ap revize fòm sa a avèk ou anvan egzamen ou.

Preparasyon pou Egzamen ou-Anvan, Pandan ak Apre

Anvan Egzamen MRI ou

  • Selon kalite egzamen an, ka gen yon peryòd preparasyon anvan vrè eskanografi a. Anjeneral, nou mande pou ou rive 15 minit anvan randevou ou genyen an pou ranpli fòm yo, ansanm ak Kesyonè sou Sekirite nou.
  • N ap mande pasyan yo pou yo chanje rad yo pou yo mete yon rad lopital pou egzamen MRI a. W ap bezwen retire nenpòt objè metalik tankou bijou, aparèy pou tande, linèt ak bous anvan egzamen an. Kazye pasyan yo disponib pou konsève atik pèsonèl yo pandan egzamen an. Men, nou rekòmande pou ou kite objè ki gen valè, tankou bijou, lakay ou. Nou mande tou pou pasyan yo pa itilize pwodui makiyaj ak pwodui cheve, paske kèk gen patikil metalik ki kapab nuizib pou eskanografi MRI a.
  • Pou kèk eskanografi MRI, li ka nesesè pou nou itilize yon ajan kontras. Ajan kontras la ap seleksyone ògàn ak veso sangen yo, epi l ap ede radyològ la pi byen distenge ant tisi ki nòmal yo ak sa ki pa nòmal yo. Nou bay ajan kontras la nan venn epi radyològ la detèmine li selon istwa oswa endiksyon doktè ki te fè rekòmandasyon an bay. Sibstans kontras nou itilize pandan MRI a baze sou gadolinyòm epi FDA apwouve li. Se pa menm kontras nou itilize pou Eskanografi CT. Pifò pasyan yo kapab resevwa kontras sa a san okenn pwoblèm. Men, tout pasyan ki resevwa kontras la ak pasyan ki gen maladi ren, dyabèt tansyon ki wo oswa gout, ka bezwen fè yon tès san espesyal anvan eskanografi a pou asire ren yo fonksyone byen epitou pou asire yo kapab tolere enjeksyon an.

Pandan Egzamen MRI Ou

  • Anjeneral pwosedi MRI a dire nenpòt kote ant 40 ak 80 minit. Pou fè eskanografi a, pasyan yo ap jwenn èd sou yon tab eskanografi ki boure, ki fasil pou deplase epi ki nan pozisyon andedan ouvèti eskanè MRI a. Teknolojis la obsève pasan an pandan tout etid la.
  • Pandan egzamen an, pasyan an ka remake anpil kalite son tankou bwi boudònman ak gwo bwi.  Se yon bagay ki nòmal nèt epi se kouran elektrik ki pase nan yon seri bobin ki nan eskanè a ki lakòz sa.  Nou bay pwoteksyon pou zòrèy ou pandan egzamen an.  Avèk kèk egzamen, nou ka bay pasyan yo kask. Yon pasyan kapab pote yon CD li renmen epi teknolojis la kapab jwe li pandan egzamen an.
  • Pandan egzamen an, li enpòtan pou pasyan yo rete kalm otank posib.

Apre Egzamen MRI Ou

  • Yon radyològ ap li rezilta MRI a, anjeneral nan 24 èdtan oswa mwens. Answit, n ap voye rezilta yo ba doktè ki te rekòmande tès la, epitou l ap diskite sou rezilta yo avèk pasyan yo.

Fòm Enfòmasyon ak Evalyasyon sou Sekirite

Pou pifò pasyan yo, MRI yo pa reprezante okenn risk si yo swiv gid apwopriye yo. Men, pou kèk pasyan, yon MRI ka pa apwopriye. Fè doktè ou konnen si ou gen oswa si ou kwè ou ta ka gen nenpòt nan sa ki anba la yo:

  • Estimilatè kadyak
  • Agraf pou anevrism sèvo
  • Ou ansent oswa ou ka ansent
  • Ponp medikaman ki enplante
  • Aparèy estimilasyon nè ki enplante
  • Esterilè (IUD)
  • Nenpòt kòt objè ki enplante nan operasyon oswa objè metalik ki nan kò ou

Pou rezon sekirite, anviwònman MRI a dwe pa gen okenn objè metalik andedan li. Tanpri retire sa ki endike anba la a sou you anvan ou antre nan sal egzamen an:

  • Tout bijou ak mont
  • Linèt
  • Fo-dan ou ka retire
  • Barèt ak zepeng
  • Aparèy pou tande
  • Sentiwon
  • Kle
  • Pyès monnen
  • Bous ak kat kredi

Kesyonè sou Sekirite

Pou sekirite ou, n ap mande pou ou ranpli lis tout sa ki nesesè pou sekirite nou anvan egzamen ou.

Lyen Itil

Lyen Radiological Society of North America and the American College of Radiology: