Radyoloji

Mamografi

Orè: Lendi-Vandredi 7:30 a.m.-4:00 p.m. Lòt Orè, Lendi ak Jedi nan Aswè: 4:30 p.m. -7:00 p.m. epi Samdi: 8:00 a.m. -1:00 p.m.

Our friendly technicians will put you at ease for your mammogramMamografi se yon kalite imajri espesyal ki itilize yon sistèm radyografi dòz fèb pou egzamine tete yo. Nou itilize yon egzamen mamografi, ki rele yon mamogram, pou ede nan deteksyon ak dyagnostik maladi tete bonè sou fanm.

Dyagnostik bonè a se tretman kle pou tretman kansè nan tete san pwoblèm. Mamogram regilye chak ane, ki baze sou konsèy doktè ou kapab ede detekte maladi a nan etap li ki pi fasil pou trete.

Mamogram depistaj parapò ak mamogram dyagnostik

Yon mamogram depistaj se yon egzamen nou itilize pou detekte kansè nan tete bonè sou fanm ki pa gen sentòm yo. Mamografi jwe yon wòl enpòtan nan deteksyon kansè nan tete bonè paske li kapab montre chanjman nan tete a apeprè dezan anvan oumenm oswa doktè ou kapab santi yo. Dènye gid yo rekòmande mamografi depistaj chak ane apati laj 40 tan. Answit, fanmi ki te gen kansè nan tete ak fanmi ki nan gwo risk akòz yon istwa kansè jenetik nan tete ta dwe chèche jwenn konsèy medikal espè konsènan si yo ta dwe kòmanse fè tès depistaj la anvan laj 40 tan epitou konsènan kantite fwa yo ta dwe fè tès depistaj la.

Nou itilize mamografi dyagnostik pou evalye yon pasyan ki gen rezilta klinik anòmal, tankou ti boul nan tete oswa kèk ti boul fanm nan oswa doktè a te jwenn. Mamografi dyagnostik la ka fèt tou apre yon mamogram depistaj anòmal pou nou kapab detèmine kòz kote ki bay enkyetid la nan egzamen depistaj la.

BID-MILTON te mete anplas machin mamografi Selenia® Digital pa twò lontan. Machin sa a bay kalite imaj amelyore, plis sekirite pou pasyan yo, ak yon kantite fonksyon inik.  Li plis bagay sou Selenia Digital System la a.

Preparasyon pou Egzamen ou-Anvan, Pandan, Apre

Anvan Mamogram Ou

  • Anvan mamogram ou, diskite sou nenpòt nouvo rezilta yo, operasyon ou te fè anvan, itilizasyon òmòn, ak istwa fanmi ou oswa istwa pèsonèl ou konsènan kansè nan tete avèk doktè ou. Nou ka mande ou pou ranpli yon fòm istwa medikal.
  • Si li posib, jwenn mamogram ou te fè anvan yo epi mete yo disponib pou radyològ la nan moman w ap fè egzamen ou. N ap poze ou yon kantite kesyon enpòtan sou istwa medikal ou yon fason pou nou kapab evalye risk ou pou gen kansè nan tete.
  • Nan jou mamogram ou, ou pa ta dwe itilize poud talk, pafen oswa deyodoran. Nou rekòmande pou ou mete yon rad de (2) pyès ki fè ou alèz. Ou ka kontinye pran nenpòt medikaman w ap pran nòmalman.

 

Pandan Mamogram Ou

  • Teknològ mamografi a ap mete tete ou nan pozisyon. Sa gen ladan plati ak peze tete ou pou jwenn yon imaj tisi yo aklè. Degre presyon ki nesesè pou pi bon imajri ka lakòz ou santi malèz pou yon ti moman. Sa p ap fè tisi tete a mal.
  • Tout egzamen an ap pran apeprè demi-èdtan.

Apre Mamogram Ou

  • Apre egzamen ou fini, yon radyològ ap entèprete li epi l ap voye rezilta yo pa lapòs ba ou nan pwochen jou ouvrab la.

Fason pou Pran Randevou pou Egzamen Ou

Pou pran randevou pou mamogram ou, rele nimewo 617-313-1700, lendi-vandredi, ant 7:30 a.m. ak 5:30 p.m. Ekip la ap ede ou pran randevou ou nan lè ki pi bon pou ou. Anplis orè lajounen, nou bay randevou maten, aswè ak jou samdi.

Si doktè premye swen ou detèmine mamogram ou se yon mamogram ki ijan, n ap ba ou randevou pou vin fè egzamen ou nan yon jou ouvrab.

Enfòmasyon sou Sekirite

Mamografi a ap ekspoze ou nan kèk radyasyon. Men, ekipman rafine mamografi ki genyen jodi a deziyen yon fason pou pasyan an ekspoze nan pi piti radyasyon an. Nou pran anpil-anpil prekosyon pandan nenpòt pwosedi pou asire gen pi piti dòz radyasyon posib la san riske kalite imaj la.