ALERT

Learn more about our Visitor Policy and COVID-19 Resources

Radyoloji

Dansitometri Zo

Orè: Jou madi ak jou mèkredi, 8:20a.m. - 3:50 p.m.

Dansitometri Zo, ki rele eskanografi dansite zo ak absòpsyometri byenèjetik reyon iks (DXA), se yon fòm teknoloji radyografi amelyore nou itilize pou mezire pèt zo. Yon reyon iks (radyografi) se yon tès medikal ki pa gen efè sou kò pasyan an epi ki ede doktè yo dekouvri epi trete pwoblèm medikal yo. Nan imajri avèk reyon iks yo, yon pati nan kò pasyan an ekspoze nan yon ti dòz radyasyon iyonik pou pwodui imaj andedan kò a.

Nou itilize dansitometri zo pi souvan pou dekouvri osteyopowoz, yon maladi ki afekte fanm yo souvan apre menopoz yo men ki afekte gason yo tou. Lè yon pasyan gen osteyopowoz, li pèdi kalsyòm li ofi-amezi, epitou li gen kèk chanjman nan estrikti kò li, sa ki lakòz zo yo vin pi mens, pi frajil epitou pi fasil pou kase. Eskanografi dansite zo yo efikas tou nan swiv efè tretman pou osteyopowoz ak lòt maladi ki lakòz pasyan yo pèdi zo epitou li kapab evalye risk yon moun pou gen frakti.

Nou fè dansitometri zo pi souvan sou kolòn vètebral la ak sou hanch yo.

Preparasyon pou Egzamen ou-Anvan, Pandan, Apre

Anvan Egzamen Dansitometri Zo ou

· Nan jou egzamen ou, pa gen preparasyon espesyal ki nesesè. Nou mande pasyan yo pou yo pa pran sipleman kalsyòm pandan omwen 24 èdtan anvan egzamen ou.

· Tanpri rive 15 minit anvan randevou ou genyen an pou ranpli nenpòt fòm ki nesesè.

· Pasyan yo ta dwe mete rad ki fè yo alèz epitou yo pa ta dwe mete rad ki gen zip metal, bouton metal oswa bouk metal. Pasyan yo ka bezwen retire lòt objè metal sou yo tankou bijou, linèt pou yo pa nuizib pou pwosesis radyografi a.

· Si ou te fè yon egzamen avèk baryòm pa twò lontan oswa si ou te pran piki avèk yon sibstans kontras, tanpri fè doktè a konnen sa. Nou ka bezwen re-pwograme eskanografi Dansitometri Zo ou pou 10-14 jou apre.

· Fanm yo ta dwe fè doktè yo oswa teknològ yo konnen si yo ansent oswa si yo ka ansent.

Pandan Egzamen Dansitometri Zo ou

· Anjeneral pwosedi dansitometri zo a pran 10 a 30 minit pou fini epi se yon pwosedi ki bay doulè ditou.

· Pandan egzamen an, n ap mande pasyan an pou kouche sou yon tab ki boure. Ap gen yon jeneratè reyon iks anba pasyan an epi ap gen yon aparèy imajri anwo.

Apre Egzamen Dansitometri Zo ou

· Yon radyològ ap revize rezilta yo epitou l ap diskite sou yo avèk doktè ou. Doktè ou ap ba ou eksplikasyon sou rezilta yo.

Enfòmasyon sou Sekirite

Kantite radyasyon nou itilize a piti anpil—mwens pase yon dizyèm dòz yon radyografi pwatrin nòmal, epi mwens pase ekspozisyon nan radyasyon natirèl pandan yon jou. Nou pran anpil-anpil prekosyon pandan nenpòt pwosedi radyografi pou asire gen pi piti dòz radyasyon posib la san riske kalite imaj la.