Nou bay tretman pou travay ki gen pou wè ak chòk 24 èdtan pa jou, 7 jou pa semèn nan depatman ijans nou.
Depatman Sante nan Travay Beth Israel Deaconess Hospital-Milton se yon manm Rezo Sante nan Travay ak Anviwònman [Occupational and Environmental Health Network (OEHN)], yon òganizasyon sante ki baze nan Marlboro epi ki bay komite dirijan ak pwogram sipèvizyon anplas pou anplwaye ak depatman sante nan travay.
Nan tèt ansanm ak OEHN, ekip Sante nan Travay nou bay yon anplwaye pwogram sante ki satisfè bezwen inik patwon yo, travayè yo ak konpayi asirans yo lè ekip nou an redui nivo maladi ak chòk, lè yo redui depans pou kantite jou travay ki pèdi, epitou lè yo redui depans jeneral pou swen sante. Avèk sipò yon ekip doktè Sante nan Travay ki resevwa Sètifika Konsèy la, ekip jesyon pwogram, manadjè pwojè ak konsiltan, nou bay yon pòtfolyo jeneral solisyon pou lamedsin nan travay, tankou:
- Swen Ijan
- Terapi reyabilitasyon
- Tretman Espesyalite tankou kontwòl andikap, òtopedik, ak ijyèn endistriyèl
- Egzamen pou prevansyon risk, tankou egzamen fizik chak ane, egzamen anvan plasman ak tès pou dwòg ak alkòl, iminizasyon/vaksinasyon
- Analiz djòb, tankou ègonomi nan espas travay ak vizit pou sekirite
- Edikasyon ak konferans sou sante
- Egzamen depistaj
- Ègonomi, syans pou adapte djòb ak travayè a yon fason ki efikas.
Plan aksyon medikal ki adapte pou chak pasyan an pou yo “retounen nan travay” se plan doktè ki espesyalize nan sante nan travay chwazi pou chak anplwaye. Avèk dyagnostik ki egzat, tretman ak sipò, nou ede sipòte moral ki wo epi pou retounen nan travay ou byen vit.
Si ou gen kesyon konsènan nenpòt nan pwogram nou yo, nan pri nou yo, oswa si ou ta renmen pwograme yon reyinyon pou diskite sou bezwen konpayi ou, tanpri kontakte nenpòt nan moun ki anba la yo:
James Lawson, Direktè Pwovizwa, nan nimewo 617-313-1144 oswa nan imèl James_Lawson@miltonhospital.org
Susan Greeley, RN, Sipèvizè Klinik, nan nimewo 617-313-1681 oswa nan imèl Susan_Greeley@miltonhospital.org