Etaj Anba, Paviyon Brooks
Telefòn:617-313-1115
Klinik Terapi Nitrisyon Medikal ki nan BID-Milton bay evalyasyon jeneral ak konsèy pou chak moun apa oswa pou gwoup moun pou ede pasyan nou yo konprann kijan manje ak nitrisyon afekte sante jeneral yo ak sante fizik yo. Terapi nitrisyon kapab ede nan antretyen sante jeneral ak nan kontwòl maladi kè, dyabèt, kansè, pwoblèm gastwo-entestinal, maladi ren, tansyon wo ak gwosè.
Kèk nan pasyan ki kalifye yo se moun ki gen anpil kalite pwoblèm medikal ak pwoblèm nitrisyon tankou:
- Kansè
- Dyabèt
- Twoub pou manje
- Abitid ak Modèl Manje Fanmi
- Alèji ak manje
- Pwoblèm gastwo-entestinal
- Maladi kè
- Nivo kolestewòl ki wo
- Ipètansyon (tansyon ki wo)
- Ipoglisemi/Ipèglisemi
- Maladi ren
- Maladi fwa
- Obezite ak kontwòl gwosè
- Osteyopowoz
- Pankreyatit
Yon dyetetisyen diplome rankontre chak pasyan apa pou bay yo konsèy apre yo jwenn referans yon pwofesyonèl swen sante.