ALERT

Learn more about our Visitor Policy and COVID-19 Resources

Sèvis yo

Sèvis pou Pasyan ki Entène

ICU/CCU

Inite Swen Entansif/Inite Swen Kowonaryen
Premye Etaj, Paviyon Nò
Orè Vizit ICU/CCU:

• 24 èdtan pa jou

• Manm fanmi pwòch sèlman

• Timoun ki gen laj 12 zan

• De (2) moun sèlman pou chak pasyan

Pwoblèm medikal grav yo lakòz pasyan yo bezwen entène nan lopital la nan yon inite swen entansif oswa nan yon inite swen kè (ICU/CCU) kote nou kontwole pwoblèm sante pasyan an san pran souf.  Inite Swen Entansif [Intensive Care Unit (ICU)] ak Inite Swen Kowonaryen Beth [Coronary Care Unit (CCU)] Israel Deaconess Hospital Milton se yon inite ki gen uit (8) kabann epi ki ekipe avèk dènye teknoloji nan swen ki pa dire lontan. Inite swen kritik nou fonksyone avèk yon ekip enfimyè ak doktè ki gen anpil kalifikasyon epi ki pare pou bay repons pou chanjman ki genyen nan pwoblèm sante pasyan yo. Tout enfimyè ICU/CCU konsève sètifika yo nan sipò lavi kadyak avanse (ACLS) epitou yo gen kalifikasyon espesyalize ki pèmèt yo pran swen pou pasyan ki bezwen swen kritik.

BID-Milton ofri anpil kalite sèvis kadyak pou pasyan ki entène ak pasyan ki pa entène, ansanm ak EKD, tès tolerans egzèsis, etid nan lamedsin nikleyè kadyak, ekokadyografi ak reyanimasyon kadyak. Nou ankouraje fanmi yo pou yo chwazi yon manm fanmi ki pou sèvi kòm responsab pòtpawòl pou pale avèk enfimyè yo epitou pou transmèt enfòmasyon yo ba fanmi an. Pou jwenn enfòmasyon sou manm fanmi ki entène nan lopital la, orè pou rele a se depi 10-11 a.m. jiska 9-10 p.m.

Gid pou vizitè yo la pou garanti sante, sekirite ak entimite pasyan nou yo. Menmsi vizit manm fanmi yo kapab terapetik pou pasyan yo, repo a enpòtan pou gerizon pasyan yo. N ap resevwa vizitè yo 24 èdtan pa jou. Men, pou enterè pasyan nou yo ki nan ICU/CCU, nou aksepte sèlman de (2) manm fanmi, ki gen laj 12 zan oswa plis, pou chak pasyan. Vizit yo ta dwe kout, epitou tanpri sonje pou kontakte enfimyè yo anvan ou itilize telefòn nan sal-datant ICU/CCU. Si w ap viv deyò vil la epi ou ta renmen rete toupre lopital la, otèl yo ki nan zòn nan ofri tarif ki gen rabè. Tanpri mande enfimyè a oswa rele defansè pasyan lopital la nan ekstansyon 1360 pou jwenn yon lis otèl yo. Apre nou fè dyagnostik la, doktè premye swen pasyan an ak yon doktè ki espesyalize nan tretman maladi li ap kreye yon plan swen medikal.

Sèvis Medikal/Chirijikal

Dezyèm ak Twazyèm Etaj, Paviyon Nò

2 North: 2 North se yon inite swen pasyan ki gen 43 kabann, (37 kabann adilt ak 6 kabann timoun), ki bay swen pou pasyan ki fè operasyon, pasyan òtopedik, pasyan granmoun aje, pasyan timoun ak pasyan onkoloji.

3 North: 3 North se yon inite swen pasyan ki gen 30 kabann, epi ki bay swen pou pasyan telemetri medikal (16 kabann), pasyan medikal jeneral, pasyan newo-chirijikal, pasyan òtopedik a pasyan granmoun aje.

Doktè ki Pratike nan Lopital la

Ekip Sèvis Doktè ki Pratike nan Beth Israel Deaconess HealthCare bay Sèvis Doktè ki Pratike nan Beth Israel Deaconess Hospital-Milton. Pou jwenn plis enfòmasyon, klike la a.