ALERT

Learn more about our Visitor Policy and COVID-19 Resources

Sèvis yo

Pwogram Jeryatrik

Vyeyi byen nan sistèm swen sante konplèks jodi a egzije yon pwogram kowòdone ki konekte resous ki disponib yo avèk granmoun yo ak pwofesyonèl swen sante yo.

Swen pou Pasyan ki Entène

Lopital la kapab yon kote ki difisil pou granmoun aje yo si pwofesyonèl swen sante yo pa adapte ak bezwen espesyal yo. BID-Milton angaje pou amelyore eksperyans lan nan lopital la pou granmoun aje yo. Pou fè sa, nou fè edikasyon sou vyeyès pou anplwaye yo vin yon priyorite. BID-Milton asosye avèk pwogram Doktè ki Pratike nan Beth Israel Deaconess Medical Center depi ane 2007. Doktè lopital ki travay atanplen, ki pwofesyonèl epi ki resevwa fòmasyon pran swen pasyan ki entène yo, pou asire granmoun aje yo resevwa atansyon espesyal yo bezwen.  Konsiltasyon granmoun aje fèt avèk de (2) jeryat ki resevwa fòmasyon nan Harvard ki ede doktè lopital ak doktè premye swen Milton avèk kontwòl maladi konplèks ki gen pou wè ak laj.  Sèvis travay sosyal ak sèvis jesyon dosye asire yon pwosesis egzeyat san pwoblèm epi pou fasilite kominikasyon avèk pwofesyonèl swen sante a nan chak nivo.

Konsiltasyon Granmoun Aje ki Pa Entène

Granmoun aje yo pi arisk pou gen sendwòm jeryatrik tankou foli, divagasyon, pran so, bès fonksyonèl, enkontinans, osteyopowoz, òvèdòz nan medikaman, ak doulè. Min Song, M.D., fè konsiltasyon granmoun aje ki pa entène yo, li ede doktè premye swen yo avèk kontwòl sentòm yo, epitou li asire doktè nou yo bay dènye bon kalite swen sante a pou granmoun aje yo. Sa pèmèt granmoun aje South Shore yo jwenn avantaj nan resous Harvard Division on Aging, pandan y ap toujou gen yon relasyon avèk yon doktè premye swen. Konsiltasyon granmoun aje yo kapab asire yo vyeyi an sante menm lè yo gen anpil pwoblèm medikal konplèks.

Mande doktè premye swen ou si yon konsiltasyon jeryatrik ta ka bay rekòmandasyon ki fè pwosesis vyeyès la vin pi fasil. Pou pran yon randevou pou konsiltasyon avèk Doktè Song, rele nimewo 617-696-7600.

Enfòmasyon ak Referans

Pou jwenn referans pou al wè yon doktè nan pwogram nou pou Granmoun Aje yo, rele Liy Referans Doktè a nan nimewo 617-696-8809.

KLIKE SOU YON LYEN POU LI PLIS ENFÒMASYON: