Sant Andoskopi Beth Israel Deaconess Hospital-Milton ekipe avèk nouvo teknoloji pou ede nan pwosedi andoskopi Gastwo-Entestinal [Gastrointestinal (GI)] tankou egzamen ezofaj, lestomak ak kolon, ak ti pwosedi chirijikal ki lakòz pasyan an pran anestezi lokal sèlman. Enfimyè diplome nou yo ki espesyalize nan GI ak ti pwosedi chirijikal travay nan tèt ansanm avèk doktè ki fè pwosedi yo pou pran swen pasyan yo nan depatman sa a.
Sant Andoskopi endepandan an bay anpil avantaj pou pasyan yo ak pwofesyonèl swen sante yo, tankou:
• Zòn jeneral ki se twa fwa gwosè depatman andoskopi nou genyen deja a
• Kat (4) gwo sal operasyon
• 12 sal pou itilize anvan ak apre operasyon
• Zòn ki la pou moun tann ak pou resevwa moun