Volontè yo sipòte Beth Israel Deaconess Hospital- Milton. Pou fè sa, yo bay anpil santèn èdtan pou amelyore kalite swen sante pasyan yo epitou yo bay sèvis sipò pou ekip pwofesyonèl la. Plis pase 150 volontè adilt ak jèn moun se manm enpòtan ekip swen sante lopital la.
Nou ofri anpil kalite posiblite pou sèvi kòm volontè.
Posiblite pou Adilt yo Sèvi kòm Volontè
- Konsyèj Depatman Ijans – Fè livrezon materyèl nan laboratwa a epi li sipòte ekip ED. Li bay mezi konfò pou pasyan yo ak manm fanmi yo.
- Sipò nan Travay Biwo – tape, klase epi sipòte bezwen depatman an.
- Magazen Kado – Kominike avèk anpil kalite kliyan epi li responsab pou lavant an detay.
- Biwo Akèy/ Enfòmasyon – Ede vizitè yo jwenn kote yo prale nan lopital la, reponn epi transfere koutfil pasyan yo epitou enskri moun pou klas edikasyon kominotè yo.
- Akonpayman Pasyan – Fè sèvis transpò pasyan yo lè yo egzeyate epi ede moun ki bezwen chèz-woulan. Volontè yo fè deplasman tou, epi yo fè kèk pwojè espesyal.
- Vizitè Pasyan yo – Pran swen moun ki renmen konvèsasyon, vizit pasyan yo, bay yo magazin, plen boutèy yo dlo epi avèti ekip enfimyè yo jan li nesesè.
Swen Pastoral – Swen pastoral ak Minis Ekaristik yo fè premye vizit swen pastoral la, yo distribiye Lekaristi ba pasyan katolik yo epitou yo bay posiblite pou kilt pou pasyan yo ak fanmi yo. Pou jwenn plis enfòmasyon, kontakte Ginny Grimes Allen, Omonye a nan nimewo 617-313-1755.
Posiblite pou Jèn Moun Sèvi kòm Volontè
Elèv ki gen laj ant 14 zan ak 18 tan kapab aplike pou yo sèvi kòm volontè pou sis (6) semèn pandan mwa jiyè ak out. Jèn yo ap sèvi kòm volontè pou de (2) oswa twa (3) peryòd travay 4 èdtan chak semèn nan anpil kalite depatman. Moun ki aplike yo dwe bay yon referans alekri epi yo dwe fè yon entèvyou. Nou bay oryantasyon, fòmasyon, dokiman pa èdtan sou sèvis kominotè, referans ak yon fèt pou moun manje krèm glase. Pou jwenn plis enfòmasyon sou fason pou vin yon volontè jinyò, klike la a.N ap aksepte aplikasyon sezon lete a pou ane 2014 apati 15 mas 2014. N ap kontakte moun ki aplike yo epitou n ap fè entèvyou avèk yo nan mwa avril ak me.
Avantaj ki Genyen pou Moun Sèvi kòm yon Volontè
- Satisfaksyon pèsonèl ki vini nan ede lòt moun ak fyète reyalizasyon nan yon djòb ki byen fèt
- Okazyon pou aprann nouvo ladrès, pou devlope enterè, pou fè zanmi epi pou grandi nan konpreyansyon pèsonèl
- Rabè $5 dola sou manje ou ak bwason gratis nan fontèn ki nan kafeterya a pou chak peryòd travay kat (4) èdtan
- Dejene Rekonesans chak Ane pou Volontè Adilt yo
- Lèt rekòmandasyon pou amelyore aplikasyon nan kolèj ak nan travay
- Pakin gratis
Fason Pou Aplike
Si ou enterese antre nan ekip nou an epi si ou ta renmen aprann plis bagay sou posiblite pou sèvi kòm volontè oswa pou pran randevou pou vin fè yon entèvyou, tanpri rele Janet Evans, Direktè Sèvis Volontè a nan nimewo 617-313-1558. N ap fè tout efò posib pou amonize ladrès ak enterè ou avèk afektasyon travay ou. W ap resevwa yon oryantasyon nan lopital la ak yon fòmasyon pratik. Oswa klike la a pou ranpli yon fòm aplikasyon ou kapab voye nan imèl oswa ou kapab eskane epi imèl li nan janet_evans@miltonhospital.org. Pou volontè ki gen laj 14 zan ak 18 tan, klike la a.