ALERT

Learn more about our Visitor Policy and COVID-19 Resources

Ede

Lè w ap Bay yon Kado

Fè Don an sou Entènèt!Klike la a.

Pou kisa Pou Bay pou Beth Israel Deaconness Hospital-Milton?

Fon Devlopman Beth Israel Deaconess Hospital-Milton, ki fè li posib gras ak sipò imanitè jenere, pèmèt BID-Milton bay swen sante kalite siperyè ki baze nan kominote avèk konpasyon, diyite ak respè.

Avèk dènye eta ekonomi swen sante a nan Massachusetts, pifò lopital yo gen pwoblèm pou fè aktivite ranmase lajan pou agrandi ak amelyore pwogram yo pou kenbe ritm lan avèk bezwen kominote a. BID-Milton pa diferan. De (2) dènye pi gwo defi lopital la genyen se fado finansye akòz ranbousman asirans ki pa garanti depans pou swen sante a, ak angajman nou pou bay “swen sante gratis” pou moun ki pa gen asirans oswa pou moun ki pa gen ase asirans. Poutèt sa, resous yo devwe pou satisfè pifò bezwen imedyat yo. Sipò imanitè a enpòtan pou mwayen nou pou agrandi ak amelyore pwogram pou kenbe ritm nan avèk avansman yo nan swen pasyan an.

Manm Beth Israel Deaconess Hospital-Milton Philanthropy Committee, ki anba kontwòl manm Konsèy Direktè BID-Milton ak Rezidan Milton Donald Greene, responsab pou sipòte misyon fon an pou jwenn sipò imanitè pou lopital la. Yo se manm kominote ki enterese anpil nan misyon charite Beth Israel Deaconess Hospital-Milton ki konte sou ou pou sipòte swen sante a nan kominote nou an.

Nan dènye ane yo, sipò imanitè te ede peye pri pou pwogram tankou: pwogram Rapid Cardiac Transfer (Transfè Kadyak Rapid) nou, yon pwogram ki gen afilyasyon klinik avèk Beth Israel Deaconess Medical Center; Picture Archiving Communications System (PACS) ki pèmèt radyològ yo konsève, voye epi resevwa radyografi ak lòt imaj dijital sou fòm elektwonik; yon eskanè CT 16 koup, ki pwodui imaj dyagnostik pi rapid ak pi klè; ak yon sistèm deteksyon pou mamografi ki fèt nan òdinatè.

Don ou yo fè plis pase senpleman ajoute sou sa nou resevwa, oswa yo ede achte yon nouvo pyès ekipman. Yo konsève eritaj swen sante ki fasil pou jwenn pou pwochen jenerasyon an.

Fason pou Bay Kado pou Beth Israel Deaconess Hospital-Milton

Gen anpil fason pou ou sipòte BID-Milton sou plan finansye epi pou fè yon vrè diferans pou swen sante kominote a isit nan katye pa ou. Don yo posib nan yon kantite apwòch diferan, kèk ladan yo ofri avantaj fiskal diferan epi yo la pou satisfè pwòp mòdvi ou.
•  Ou kapab reyalize Tribute Giving lè ou fè yon kado nan memwa yon moun pa ou oswa lè ou fè yon kado nan lonè yon manm ekip medikal ki te itil yon fason espesyal. Kado yo kapab selebre yon evènman enpòtan tou tankou yon anivèsè maryaj, nesans oswa seremoni diplòm.

•  Annual Fund Donations (Don Anyèl nan Fon an) ede sipòte pwogrè lopital la pou avanse swen pasyan yo, nouvo teknoloji, ak avni sèvis swen sante kominote a. Don yon sèl fwa yo se metòd ki pi tradisyonèl pou bay. Plan kado fleksib tankou yon pwomès sou twazan pèmèt ou fè yon don pandan w ap repati peman yo ak avantaj fiskal yo sou yon peryòd ki pi long.

• Planned Giving (Don Planifye) se yon fason pou sonje Beth Israel Deaconess Hospital-Milton nan planifikasyon siksesyon ou pou ogmante pwòp revni lavi ou, epitou pou reyalize avantaj fiskal espesyal ou ta dwe revize avèk konseye fiskal ki konpetan. Li prezante nan yon tiliv ou kapab telechaje depi ou klike la a epitou nan yon tablo rezime ou kapab telechaje depi ou klike la a, BID-Milton's Seth C. Crocker, MD Legacy Society rekonèt anpil kalite don planifye tankou rant byenfezans, fidisi byenfezans, ak eritaj.

• Donations of Securities (Don Tit) tankou aksyon ak obligasyon bay epay fiskal nan gen kapital ou ta dwe revize avèk yon konseye fiskal konpetan.

• Naming Opportunities (Posiblite pou Nominasyon) disponib pou chanm ak sèvis enpòtan tout kote nan lopital la. Metòd sa a pou fè don an pèmèt moun ki fè don fè yon omaj ki dire lontan oswa yon memoryal pou yon moun espesyal epitou li ede sipòte swen sante ekselan kominote a. Gadeyon lis konplè posiblite nominasyon Beth Israel Deaconess Hospital-Milton.

Fason pou Bay pou Beth Israel Deaconess Hospital-Milton
Beth Israel Deaconess Hospital-Milton se yon enstitisyon ki pa komèsyal dapre 501(c)(3), epi poutèt sa li depannde gwo sipò finansye donatè ak ansyen pasyan nou yo. Ou ka fè don yo sou entènètoswa avèk chèk ki ekri sou non Beth Israel Deaconess Hospital-Milton Development Fund epi ou ka voye li nan adrès:

Beth Israel Deaconess Hospital-Milton Development Office
199 Reedsdale Road
Milton, MA 02186.


Avèk kesyon, oswa pou fè don nan telefòn, tanpri rele nimewo (617) 313-1194, voye faks nan (617) 313-1574, oswa imèl Beth Israel Deaconess Hospital-Milton. 

Fè Don an sou Entènèt! Klike la a.