Pafwa, lopital la ka mete restriksyon sou vizitè yo pou rezon medikal oswa terapetik. Menmsi lopital la bay orè pou vizit 24 èdtan pa jou ak 7 jou ap semèn kèlkeswa lè li posib, konfò pasyan an se premye priyorite nou. Ou ta dwe fè aranjman davans pou vizit lannwit avèk ekip enfimyè a.
Pou konfò ap entimite pasyan nou yo, nou mande kèlkeswa lè li posib, pou pa gen plis pase de (2) moun ki vizite pasyan an nan chanm li alafwa. N ap akeyi lòt vizitè yo pou yo pran avantaj zòn ki mete yo alèz pou yo rete tann, ki nan inite enfimri a oswa nan lòbi lopital la.
Nou mande vizitè yo pou yo respekte lòt pasyan yo epi pou yo diminye nèt bwi ak lòt aktivite ki ka distrè pasyan nou yo ki nan chagren.
Yon adilt fèt pou akonpaye timoun ki poko gen laj 12 zan.
Vizit nan ICU/CCU
Pou byennèt pasyan nou yo ki nan ICU/CCU, nou mande pou se manm fanmi pwòch sèlman ki vizite yo epitou vizitè yo dwe pase yon tan kout avèk pasyan yo, pa plis pase de (2) alafwa. Anvan vizitè yo antre nan ICU/CCU, nou mande yo pou yo rele pòs enfimyè yo avèk telefòn ki nan sal-datant ICU/CCU.
Pou fanmi ou resevwa dènye enfòmasyon sou eta sante ou, yo ka rele nimewo prensipal lopital la nan (617) 696-4600, pou yo mande enfòmasyon sou pasyan an. An konfòmite avèk règleman HIPAA, nou ka diskite sou eta sante jeneral pasyan an sèlman.