Televizyon
Beth Israel Deaconess Hospital-Milton bay yon televizyon nan chanm chak pasyan. Nou bay plis pase 50 chèn televizyon nan sèvis kab ki ofri plizyè kalite chwa pou gade san ou pa peye pou sa. W ap jwenn tele-kòmann televizyon an nan bwat pou rele enfimyè a ki arebò kabann nan. Nou mete yon lis chèn televizyon dèyè tiliv sa a.
Telefòn
Telefòn yo disponib nan chanm ou gratis pou fè koutfil lokal. Koutfil sou distans long yo dwe fèt a vrè vire oswa n ap touche yo nan kat kredi ou. Lè w ap fè koutfil yo, ou dwe konpoze yon “9” anvan pou jwenn liy pou deyò.
Televizyon ak Telefòn pou Moun ki Gen Pwoblèm pou Tande
Pou moun ki gen pwoblèm pou tande, Beth Israel Deaconess Hospital-Milton bay estasyon televizyon sou-titre ak konbine telefòn ajistab pou amelyore volim telefòn ou.
Pasyan yo ka itilize Aparèy Tele-kominikasyon lopital la pou Moun Soud (TDD) pou yo kominike avèk fanmi yo oswa zanmi yo. W ap jwenn telefòn TDD nan etaj anba a nan Depatman Ijans lan epitou li disponib pou pasyan yo itilize 24 èdtan pa jou.
Pou fè yon koutfil k ap antre nan TDD, rele 617-696-7929.