Pasyan & Vizitè

Sekirite Pasyan

Sekirite pasyan se premye priyorite nou nan Beth Israel Deaconess Hospital-Milton.

Objektif nou se pou asire ou resevwa swen medikal espè nan anviwònman ki pi pwoteje otank posib. Beth Israel Deaconess Hospital-Milton anplwaye yon kantite sistèm pou diminye nèt posiblite pou fè erè.  Antan yon pasyan, ou jwe yon wòl enpòtan nan pwòp sekirite ou. Pou fè sa, ou ka vin yon manm aktif, ki konsène ak enfòme nan ekip swen medikal ou. Lè ou se yon patnè aktif nan swen sante ou, ou kapab ede evite nou fè erè.  Sonje pou “SPEAK UP™” depi ou swiv sijesyon sa yo The Joint Commission bay la:

  • Speak up if you have questions or concerns. (Pale fò si ou gen kesyon oswa enkyetid.) Pa gen pwoblèm pou poze kesyon jouk lè ou resevwa repons ou konprann. Sa konsène kò ou, epitou ou gen dwa pou konnen.
  • Pay attention to the care you get. (Fè atansyon avèk swen sante w ap resevwa a.)  Toujou asire ou jwenn tretman ak medikaman ki kòrèk nan men pwofesyonèl swen sante ki kòrèk yo.  Pa sipoze anyen.
  • Educate yourself about your illness. (            Edike tèt ou sou maladi ou.)  Aprann tès medikal ou fè yo ak plan tretman ou. Poze kesyon sou rezilta tès dyagnostik ou yo.
  • Ask a trusted family member or friend to be your advocate (advisor or supporter). (Mande yon manm fanmi oswa yon zanmi ou fè konfyans pou sipòte ou (konseye oswa sipòtè)). Konnen ki medikaman w ap pran epi pou ki rezon w ap pran yo.  Erè nan medikaman se erè ki pi komen nan swen medikal. Fè pwofesyonèl swen sante ou konnen medikaman, vitamin, ak remèd fèy w ap pran. Asire ou konnen kisa doktè ou rekòmande pou ou, epi pou kisa ak kijan ou dwe pran medikaman patikilye yo.
  • Use a hospital, clinic, surgery center, or other type of health care organization that has been carefully checked out. (Itilize yon lopital, yon klinik, yon sant operasyon, oswa lòt kalite òganizasyon swen sante ou te verifye avèk anpil atansyon.) 
  • Participate in all decisions about your treatment. (Patisipe nan tout desizyon sou tretman ou.)  Ou se poto-mitan ekip swen sante ou. Pale avèk doktè ou ak ekip swen sante ou konsènan chwa ou yo.Si ou ta vle, ou gen dwa pou jwenn yon dezyèm pwendvi.

Kominikasyon enpòtan anpil pou asire ou resevwa pi bon swen posib la. Se responsablite doktè a pou fè ou konnen risk yo, avantaj yo, rezilta posib yo ak lòt chwa yo pou ou kapab pran yon desizyon ki baze sou enfòmasyon sou swen sante ou. Ou gen responsablite pou divilge enfòmasyon yo ba pwofesyonèl swen sante ou yo, pou respekte plan tretman an ou deside ou li a, epi pou jwe yon wòl aktif nan swen sante ou. Nou ankouraje ou pou fè konnen sa ou pito sou nenpòt aspè swen sante ou ak pwoblèm medikal ou, pou nou kapab travay avèk ou pou pi byen prepare pou egzeyat ou ak swen sante siplemantè.