ALERT

Learn more about our Visitor Policy and COVID-19 Resources

Pasyan & Vizitè

Sèvis pou Moun ki Andikape

Beth Israel Deaconess Hospital-Milton pran angajman pou satisfè bezwen moun ki andikape epi nou bay sèvis pou satisfè bezwen espesyal yo.

Gen pakin ki disponib pou moun andikape nan tout antre prensipal ki nan lopital la. Tout espas ak ranp pakin yo make. 

Gen twalèt ki fasil pou antre sou chèz-woulan andedan lòbi Highland Street nan premye etaj la, nan Depatman Ijans lan nan etaj anba a epi nan Lintz Medical Office Building.  Chèz-woulan yo disponib nan tout antre prensipal lopital la.  Tanpri mande èd pou chèz-woulan nan biwo volontè a nan swa antre Highland Street oswa Reedsdale Road.

Nou kapab ba ou kopi tiliv, dokiman ak lòt enfòmasyon yo an gwo lèt si ou fè demann lan davans.

Nou kapab fè aranjman pou jwenn entèprèt langaj siy pou moun ki soud san pasyan an pa peye anyen.  Preyavi se toujou pi bon fason pou resevwa sèvis yo atan. Kèk nan lòt aparèy yo se aksè nan TTY/TDD ak telefòn ki gen kontwòl volim.

Nou akeyi chyen sèvis pou moun ki pa wè oswa pou moun ki andikape yo.

Pasyan ki gen bezwen espesyal yo epi ki gen sikonstans inik yo ta dwe kontakte Manadjè Risk/Relasyon Pasyan.