ALERT

Learn more about our Visitor Policy and COVID-19 Resources

Pasyan & Vizitè

Dwa ak Responsablite

Pasyan ki nan Beth Israel Deaconess Hospital-Milton gen garanti pou kèk dwa espesyal.

N ap fè efò pou pwoteje dwa ou yo pandan tout tan ou pase nan Beth Israel Deaconess Hospital-Milton. Nou vle pou oumenm oswa moun ki reprezante ou patisipe nan swen sante ou epitou nou ankouraje ou pou poze kesyon sou swen sante ou ak sou plan tretman ou.  Pou jwenn plis enfòmasyon oswa yon kopi konplè Chapit 111, Seksyon 70E Lwa Jeneral Massachusetts, tanpri kontakte Manadjè Risk/Relasyon Pasyan nan nimewo 617-313-1360.

Deklarasyon Dwa Pasyan

Chak pasyan Beth Israel Deaconess Hospital-Milton dwe gen dwa pou:

  • resevwa tretman avèk respè, konpasyon ak diyite pandan l ap jwenn pwoteksyon kont tout fòm abi ak asèlman;
  • resevwa tretman avèk konsiderasyon ak respè ki sipòte valè ak konviksyon kiltirèl li. Konsèy pastoral disponib si ou fè demann lan;
  • mande epi resevwa sèvis entèprèt lè ou bezwen èd pou konprann, pale oswa li lang Anglè;
  • mande epi resevwa enfòmasyon ki gen Enstriksyon Davans, deziyen yon Mandatè pou Swen Sante oswa yon ranplasan ki pou pran desizyon pou swen sante ou si ou ta vin pa kapab pran oswa kominike pwòp desizyon ou yo;
  • lonmen yon “patnè pou swen sante” pou sipòte ou pandan ou entène nan lopital la.
  • si ou fè demann lan, pou pran randevou pou orè fleksib vizit pou manm fanmi ki annamoni avèk plan tretman ou;
  • patisipe nan devlopman ak egzekisyon plan swen sante ou;
  • resevwa evalyasyon, tretman ak kontwòl ki apwopriye pou doulè;
  • si ou fè demann lan, pou jwenn nan Beth Israel Deaconess Hospital-Milton non ak espesyalite, si genyen, doktè oswa lòt moun ki responsab pou swen sante li oswa pou kowòdinasyon swen sante li. Ou ka mande yon konsiltasyon avèk yon espesyalis patikilye ou chwazi ki rele yon dezyèm pwendvi;
  • sekrè tout dosye ak kominikasyon nan limite lalwa prevwa. Ou ka mande pou nou kenbe Enfòmasyon Pwoteje sou Sante [Protected Health Information (PHI)] ou, enfòmasyon ki nan dosye medikal ou konsènan tretman dyagnostik ak swen ou, an sekrè;
  • pou jwenn repons pou tout demann rezonab rapid epi yon fason apwopriye nan konpetans lopital la;
  • si ou fè demann lan, pou jwenn yon eksplikasyon sou relasyon, si genyen, lopital la avèk nenpòt lòt sant swen sante oswa enstitisyon edikasyonèl depi relasyon a ki endike a gen pou wè ak swen sante oswa tretman ou;
  • pou jwenn nan men yon moun lopital la chwazi yon kopi nenpòt règ oswa règleman lopital la ki aplike pou konduit ou kòm yon pasyan;
  • si ou fè demann lan, pou resevwa nan men yon moun lopital la chwazi nenpòt enfòmasyon lopital la genyen ki disponib konsènan èd finansye ak swen sante gratis. Ou ka resevwa yon eksplikasyon sou bòdwo ou, kèlkeswa moun k ap peye a;
  • si ou fè demann lan, pou enspekte dosye medikal ou epi pou resevwa yon kopi ladan dapre dispozisyon Lwa sou Sekirite Sosyal pou mete yon barèm frè yo. Ou ka mande epi resevwa tout dènye enfòmasyon yo konsènan dyagnostik ou, tretman ou ak sa yo espere pou ou an fonksyon sa ou kapab konprann. Ou ka mande epi resevwa dosye medikal ou an prezans doktè ou oswa enfimyè ou;
  • refize pou etidyan oswa nenpòt lòt manm ekip lopital la egzamine ou, obsève ou oswa trete ou san sa pa nui aksè nan swen ak atansyon sikyatrik, sikolojik oswa lòt swen ak atansyon medikal;
  • refize sèvi kòm pasyan nan yon rechèch epitou refize resevwa nenpòt swen oswa egzaminasyon lè objektif prensipal la se pou edikasyon oswa pou enfòmasyon alaplas terapi;
  • enfòmasyon prive pandan tretman medikal la oswa lòt swen ou resevwa nan konpetans lopital la;
  • tretman pou sove lavi ou san pèdi tan nan yon ijans san diskriminasyon akòz sitiyasyon ekonomik ou oswa sous peman ou epi san nou pa bay reta nan tretman an pou objektif diskisyon ki fèt anvan konsènan sous peman an, sof si nou kapab enpoze reta a san risk enpòtan pou sante ou, epitou dwa sa a dwe pwolonje pou moun ki pa pasyan deja nan lopital la. Sa vle di ou gen dwa pou resevwa tretman imedyatman pou sove lavi ou nan yon ijans san diskriminasyon sou baz sitiyasyon ekonomik ou oswa sous peman ou;
  • konsantman ki baze sou enfòmasyon nan limit lalwa prevwa, sa vle di pou nou ba ou enfòmasyon sou pwosedi, tretman, risk, avantaj, rezilta nou prevwa ak lòt kalite swen pou ou kapab pran desizyon yo epitou pou ou kapab bay konsantman ou;
  • si sou fè demann lan, pou resevwa yon kopi bòdwo detaye oswa lòt deklarasyon ak eksplikasyon detaye sou frè lopital la soumèt ba yon moun endepandan pou swen pasyan an epi pou fè nou voye yon kopi bòdwo oswa etadkont detaye a ba doktè k ap trete pasyan an;
  • yon transfè rapid ak san pwoblèm nan yon lòt sant medikal ki dakò pou resevwa epi trete ou. Ou gen dwa pou resevwa yon eksplikasyon bezwen pou yon transfè ou nan yon lòt sant medikal;
  • refize tretman epi pou resevwa enfòmasyon sou risk desizyon ou;
  • pou nou pa itilize restriksyon ki pa apwopriye ou sou;
  • resevwa enfòmasyon alè ak an detay sou plan egzeyat ou;
  • resevwa enfòmasyon alekri ki egzat sou plan medikal ak nan reyalite a, epi se manm komisyon sante piblik sou kontrasepsyon pou ijans ki prepare enfòmasyon yo, si pasyan an se yon fanm ki ka fè pitit epi ki viktim kadejak, epi pou nou ofri ou kontrasepsyon pou ijans san pèdi tan si ou fè demann lan;
  • mande èd nan Komite Etik la si ou gen yon enkyetid oswa konfli etik;
  • kominike yon plent/doleyans epi resevwa yon repons apwopriye pou sa.

 

Pou fè yon enkyetid konsa, kontakte:

1. Beth Israel Deaconess Hospital-Milton

199 Reedsdale Road, Milton, MA 02186

Attention Risk/Patient Advocacy Management

617-313-1360 • www.bidmilton.org

2. Commonwealth of Massachusetts Board of Registration in Medicine

200 Harvard Mill Square, Suite 330, Wakefield, MA 01880

781-876-8200 • 781 876-8395 (TTY) • www.massmedboard.org

Orè: Lendi - Vandredi, 8:45 am-5:00pm

3. Massachusetts Department of Public Health

Division of Health Care Quality, Complaint Unit

10 West Street, 5th Floor, Boston, MA 02111

800-462-5540 oswa 617-753-8000

Faks: 617-753-8165 • www.mass.gov/dph/dhcq/

4. The Joint Commission

Division of Accreditation Operations, Office of Quality Monitoring

One Renaissance Boulevard, Oakbrook terrace, IL 60181

800-994-6610 • Faks: 630-792-5636

Imèl: complaint@jointcommission.org • www.jointcommission.org

5. Si ou nan Medicare, kontakte:

MassPRO

245 Winter Street, Waltham, MA 02451

800-252-5533

 

Responsablite Pasyan yo

Lè ou se yon pasyan nan Beth Israel Deaconess Hospital-Milton, nou mande ou epi ou gen responsablite pou:

  • bay enfòmasyon ki egzat ak konplè konsènan istwa medikal ou, dènye eta sante/maladi ou, tankou doulè ak kòt zafè ki gen pou wè ak sante ou ak nenpòt lè ou te entène nan lopital anvan;
  • rapòte nenpòt chanjman nan maladi ou ba doktè ou;
  • fè pwofesyonèl swen sante ou (yo) konnen ou konprann/ou pa konprann nenpòt tretman yo preskri pou ou;
  • poze doktè ou ak lòt pwofesyonèl swen sante ou kesyon k ap ede ou konprann tretman ou;
  • respekte plan tretman yo preskri pou ou ak enstriksyon doktè ou rekòmande ou epi fè doktè ou ak ekip lopital la konnen si ou chwazi pou refize tretman an;
  • rekonèt si ou pa oswa si ou refize swiv plan tretman ki rekòmande pou ou ak enstriksyon yo sa ka gen yon konsekans negatif sou tretman ou;
  • ale nan randevou yo epi, lè ou pa kapab fè sa pou nenpòt rezon, pou fè lopital la konnen sa;
  • pran sèlman medikaman doktè ou preskri ou pou itilize pandan tan ou entène nan lopital la. Yon enfimyè ap ba ou medikaman yo. Lopital la ap jete kòrèkteman nenpòt lòt medikaman oswa sibstans chimik ki pa gen etikèt oswa ki pa preskri kòmsadwa. Li enpòtan pou kenbe yon lis egzat nenpòt medikaman oswa sipleman w ap pran sou yon baz regilye.  Pou kenbe yon lis egzat medikaman yo, sonje pou pote lis la ba nan tout randevou doktè ou, vizit ou yo nan lopital, ak lè w ap achte medikaman sou preskripsyon nan famasi a;
  • satisfè obligasyon finansye ou konsènan ospitalizasyon ou;
  • resevwa, konprann epi respekte règ ak règleman lopital la ki aplike pou konduit pasyan yo;
  • respekte dwa lòt pasyan yo, epitou respekte règ ak règleman lopital la. Tanpri pa vizite lòt pasyan ki nan chanm yo oswa pa kite inite kote nou mete ou a san ou pa tcheke avèk yon manm ekip swen sante lopital la davans;
  • respekte dwa pwofesyonèl swen sante ou yo.

Komite Etik

Komite Etik Beth Israel Deaconess Hospital-Milton se yon gwoup entè-disiplinè ki devlope epi sipòte pwogram edikasyon ki gen pou wè ak etik byomedikal pou pasyan yo, anplwaye yo ak kominote a.   Lè gen konfli nan moralite, ak epi si nou bezwen pran desizyon ki difisil, Komite Etik la bay yon deba pou diskisyon epi pou revizyon dosye.  Li devlope epi rekòmande règleman ak gid ki apwopriye.  Komite Etik la se yon gwoup konsiltatif ki pa gen otorite pou pran desizyon.  Pou jwenn manm Komite Etik la, ou ka kontakte Manadjè Risk/Relasyon Pasyan nan nimewo 617-313-1360.

Dwa pou Jwenn Medicare/Medicaid

Beth Israel Deaconess Hospital-Milton gen devouman pou bay tout pasyan yo, san diskriminasyon, menm kalite swen sante siperyè ki satisfè bezwen yo nou evalye. Lwa Massachusetts pwoteje pasyan ki nan Medicare ak Medicaid kont diskriminasyon.  Pasyan ki gen Medicare yo ap resevwa yon lèt k ap eksplike yo dwa yo kòm yon moun ki nan Medicare nan moman admisyon yo nan lopital la.  Si ou gen plis kesyon, tanpri kontakte Manadjè Risk/Relasyon Pasyan nan nimewo 617-313-1360.

Kontwòl Kalite

Beth Israel Deaconess Hospital-Milton patisipe avèk fyète nan yon pwogram amelyorasyon kalite nan lopital la. Objektif Depatman Kalite Swen Sante a se pou asire chak pasyan ki nan Beth Israel Deaconess Hospital-Milton resevwa pi bon kalite swen sante a, yon filozofi ki annamoni avèk misyon lopital la.  Si ou gen kesyon oswa enkyetid konsènan kalite swen sante ou resevwa a, kontakte Direktè Kalite Swen Sante nan nimewo 617-313-1054.