Yon Omonye sètifye disponib pou bay sipò espirityèl pou ou oswa fanmi ou. Omonye a sèvi tou kòm yon lyezon pou kominote relijye tout konfesyon nan zòn toupre a epi l ap fè aranjman pou ou jwenn vizit si ou fè demann lan. Pou jwenn plis enfòmasyon, tanpri kontakte Biwo Swen Pastoral la nan nimewo 617-313-1755, oswa mande yon manm ekip swen sante ou.
Pasyan Katolik Women yo ka resevwa Sakreman Onksyon Moun Malad ak/oswa Rekonsilyasyon nan yon kolaborasyon pawas ki bay pwoteksyon chak jou. Ministè Lekaristi ap pote Kominyon pou pasyan Katolik yo twa (3) fwa pa jou. Ou kapab fè aranjman pou kominyon pou lòt konfesyon yo depi nou kontakte Biwo Swen Pastoral la.
Beth Israel Deaconess Hospital-Milton gen yon chapèl san non konfesyon ki nan etaj anba a kote oumenm oswa fanmi ou ka chèche tan ki trankil pou lapriyè oswa pou medite.