Pwokirasyon pou swen sante a pèmèt ou deziyen yon ajan, anjeneral moun ou fè plis konfyans, pou pran desizyon yo sou swen sante ou, si ou pa ta kapab pran desizyon yo oswa si ou pa ta kapab fè konnen yo poukont ou pou nenpòt rezon. Moun nan ap vin ajan swen sante ou epi li gen otorizasyon legal pou pran nenpòt desizyon sou swen sante ou ta ka pran, ansanm ak desizyon ki gen pou wè ak dyagnostik oswa pwosedi terapetik, lòd pou reyanime, mwayen atifisyèl pou bay manje oswa likid oswa lòt mezi pou sipòte lavi ou. Lalwa ba ou dwa pou ou lonmen yon dezyèm adilt kòm yon lòt mandatè swen sante ou. Li bon pou bay kèk kopi fòm pwokirasyon pou swen sante ou pou toulède moun ki dakò pou pran desizyon yo sou non ou.
Nou rekòmande ou toutbon pou ou ranpli yon fòm pwokirasyon pou swen sante ou anvan admisyon ou. Si ou gen yon fòm pwokirasyon pou swen sante ki ranpli, n ap mande ou pou bay yon kopi pou lopital la. Si ou ta renmen jwenn plis enfòmasyon sou pwokirasyon pou swen sante ou, tanpri mande yon manm ekip swen sante ou.