ALERT

Learn more about our Visitor Policy and COVID-19 Resources

Pasyan & Vizitè

Enfòmasyon Finansye

Apre entèvyou pou admisyon ou, n ap voye enfòmasyon sou pwoteksyon asirans ou nan Depatman Sèvis Biznis Pasyan.

Selon sitiyasyon finansye ou, sitou si ou pa gen asirans, Beth Israel Deaconess Hospital-Milton kapab ede ou aplike pou avantaj asirans nan plan asirans leta ki disponib yo epi k ap bay èd finansye pou moun ki satisfè sèten gid revni leta. Si plan asirans ou egzije pou peye franchiz ak kopeman, yon anplwaye Depatman Finansye lopital la ap kontan rankontre ou pou ede ou prepare yon plan peman.

Ou ka resevwa anpil bòdwo pou sèvis swen sante ou – youn pou swen sante lopital la ba ou ak kèk bòdwo detaye apa pou sèvis doktè ou, anestezi yo, radyològ yo oswa lòt espesyalis yo ba ou. Pou jwenn plis enfòmasyon, rele Depatman Faktirasyon nou nan nimewo 617-696-9300.